Herramientas Personales
Usted está aquí: Inicio ELAC Muchas voces, una sola lucha Noticias ANN NOU TOUT PATISIPE NAN RANKONT SENDIKAL AK POPILÈ
Acciones de Documento

ANN NOU TOUT PATISIPE NAN RANKONT SENDIKAL AK POPILÈ

por elacÚltima modificación 09/06/2008 23:07

Para su difusión a todos los participantes siguiente cartel y convocatoria en kreyòl (lengua haitino)

Pou tout òganizasyon sendikal ak mouvman sosyal Amerik Latin ak Karayib.

Kamarad,

N ap viv de moman dramatik nan rejyon nou an. Nan tout peyi nou yo, enpeyalism lan ap opere yon ofansiv grenn kraze kont travayè yo. Sa materyalize nan piyaj ak lesplwatasyon transnasyonal yo ansanm ak gwo antrepriz yo ap reyalize; nan modèl ekonomik neoliberal gouvènman yo ap aplike; nan prezans baz militè Etazini; nan okipasyon militè etranje tankou ann Ayiti; etc... Sitiyasyon sa a, lavil kou nan milye riral lan, pòte travayè yo ansanm ak tout lòt sektè esplwate nan sosyete a pou yo lite ak piplis detèminasyon kont lesplwatasyon y ap sibi a. Se rezistans vanyan sa a ki soti nan tout pèp Amerik Latin, Karayib ansanm ak lòt rejyon nan lemonn, tankou sa Irak lan pa egzanp, ki bay kriz nou konnen yo ansanm ak tout difikilte enpeyalis yo genyen nan chache enplante pwojè yo.

Men sa pa vle di kriz yo pral lakòz atak yo sispann, ni lesplwatasyon an diminye. Okontrè! Sa n ap viv lan, se yon ofansiv san pran souf enpeyalis ameriken an ansanm ak ewopeyen an ap reyalize, dekwa pou yo ale pi lwen nan piyaj resous natirèl peyi nou yo ak nan lespwlatasyon travayè yo. Pou sa, yo konte ak konplisite gouvènman nou yo. Pou sa tou, yo deklare tout rezistans nou se teworis e, lè a, yo reprimen nou san gade dèyè. Rezilta a, se piplis grangou, piplis mizè, piplis vyolans, piplis dezespwa... Nan kad sa a, nou pa janm ka jwenn yon travay diy e, jou apre jou, peyi nou yo ap transfòme piplis an koloni transnasyonal yo.

Reyalite sa a mande pou lit rezistans nou yo vin pi djanm, dekwa pou nou vanse, jouk nou rive opere ofansiv pa nou e anfen pote laviktwa fas a enpeyalism lan ansanm ak gouvènman sousou k ap soutni yo. Pou sa, li nesesè pou tout travayè ak tout pèp Amerik Latin ak Karayib lan ini yo, nan yon laj ak pwofon pwosesis mobilizasyon ak lit, pou nou rive ranpòte laviktwa sa a, fas a menm lènmi nou yo.

Men, nan kad sa a, gen yon lòt obstak ki prezante: se lefèt anpil òganizasyon tradisyonèl travayè nan rejyon an abandone pèspektiv lit klas lan e lage kò yo nan modèl neoliberal lan, kote y ap kolabore ak lènmi yo e bliye enterè travayè yo ansanm ak sa pèp yo.

Se sa k fè, jounen jodi a, se nan men pa nou konstriksyon inite klas ouvriyè a chita, ansanm ak kowòdinasyon tout sektè ki vle lite, nan yon pèspektiv klè endepandans klas, kont enpeyalism lan, boujwazi chak peyi ansanm ak gouvènman sousou yo. Gen nesesite inifye ak kowòdone lit ak efò nou yo e fè pou batay travayè yo, nan chak peyi rejyon an, fè youn e, konsa, kapab vin reprezante yon fòs pou lit jeneral tout travayè Amerik Latin ak Karayib yo ka rive wete enpeyalis yo sou do nou, fini definitivman ak lesplwatasyon ak dominasyon kapitalism lan e konstwi yon sosyete kote tout moun egal vre: yon sosyete sosyalis. Kidonk, gen nesesite pou nou konstwi yon kowòdinasyon enstitisyonèl, sendikal ak popilè, apati lit travayè yo nan tout rejyon an. Kowòdinasyon sa a ap ini fòs òganizasyon sendikal ak sila mouvman sosyal e popilè yo, lavil kou nan milye riral.

Se nan sans sa a, Santral Ouvriyè Bolivyen (COB an panyòl), Kowòdinasyon Nasyonal Lit nan peyi Brezil (CONLUTAS an pòtigè), Batay Ouvriye ann Ayiti (BO), ansanm ak Tandans Klasis ak Konbatif (TCC an Panyòl) Irigwe, ap konvoke tout òganizasyon sendikal, sosyal ak popilè, nan tout peyi rejyon an, ki dakò ak liy jeneral nou pote devan nou an e ki dakò pou vin sanble fòs nan kokennchenn mobilizasyon entènasyonal travayè n ap gen pou mete sou pye a; kidonk, n ap konvoke nou pou vin patisipe nan yon rankont entènasyonal k ap gen karaktè sendikal ak popilè e ki gen objektif tabli yon platfòm aksyon komen, nan kad yon plan lit komen - etap k ap pèmèt nou vanse nan konstwi yon Kowòdinasyon Lit Amerik Latin ak Karayib.

Rankont lan ap fèt nan Betim, Minas Gerais, Brezil, nan jou k ap 7 ak 8 jiyè 2008. Depi kounye a n ap konte sou patisipasyon kamarad lit nou yo nan tout Amerik Latin ak Karayib.

Viv nasyonalizasyon san endenmnizasyon, e pou resous natirèl nou yo anba kontwòl travayè yo!

Aba refòm neoliberal yo!

Aba privatizasyon sèvis piblik yo, edikasyon, sante, sekirite sosyal ak antrepriz leta yo!

Nou pa dwe, nou pap peye dèt ekstèn ak entèn yo!

Aba Trete Lib Komès yo!

Viv travay ki mache ak yon salè diy!

Aba lakesyon vin deklare mouvman sosyal yo se kriminèl! Aba represyon kont lit ak òganizasyon travayè!

Fòk twoup etranjè yo bay tè peyi d Ayiti blanch!

Fòk enpeyalis yo kite tè Amerik Latin lan nèt! Viv yon vre endepandans pou tout pèp nan rejyon nou an!

Aba tout fòm lesplwatasyon ak dominasyon kapitalis sou do travayè yo!

Viv entènasyonalism pwoletaryen an!

 

Òganizasyon k ap konvoke yo:

COB – CENTRAL OBRERA BOLIVIANA (BOLÍVIA)

CONLUTAS – COORDENAÇÃO NACIONAL DE LUTAS (BRASIL)

BO – BATAY OUVRIYE (AYITI)

TANDANS KLASIS AK KONBATIF (IRIGWE)

 

Konvokasyon sa a rete louvè pou tout òganizasyon ki vle rejwenn nou nan batay sa a e ta renmen patisipe nan premye rankont lan, siyen li tou:


Hecho con Plone CMS, el Sistema de Gestión de Contenidos de Fuentes Abiertos

Este sitio cumple con los siguientes estándares: